top of page
  • Photo du rédacteurPAM FM stéréo

Match istorik !


Mwen te avèti Canada apre nou te fin mete do Costa-Rica atè. Mwen te di yo lè Grenadye yo alaso menm Napoléon kouri vwa pou ti Trudeau. Nòmalman Canada te dwe deklare fòfè. Kanta pou Mexique menm " après cette raclée que les Grenadiers viennent d'infliger aux Canadiens, si les Mexicains pa kouri kite Gold Cup la, c'est qu'ils ne sont pas des hommes " .

Yon ti kesyon : eske dènye gòl laviktwa Donald Guerrier bay pou Ayiti a pa pi bèl gòl ni Gold Cup la ni Copa America a ? Al regade imaj yo ankò mezanmi n a ban m nouvèl. Anchennman Donald Guerrier fè ak balon an pou l bay gòl mèvéy sa fè m sonje mesye ki rele Ti Bab la lè l ap fè bòzò nan Barcelone.

Grenadye mwen pi renmen an se Dickens Nazon. Misye fè m sonje CR7 meyè jwè planèt la. Dickens gen anpil dètèminasyon. Lè l ap fann antre nan mitan kare yon ekip se tankou yon kouto k ap tranche yon zaboka. Dezyèm jwè mwen pi renmen an se Steeven Saba. Misye fè m sonje anpil Olandè Ruud Gulit lè l t ap taye banda nan Milan AC. Saba gen pou l rive lwen anpil nan foutbòl entènasyonal la si li kenbe konsa.

Nou ka chanpyon nan Gold Cup 2019 la. Sèlman nou pa dwe bliye nou pran 2 vye gòl nan men Kanadyen yo akòz neglijans. Mwen panse antrenè Ayiti a dwe rezoud feblès ki genyen nan aks la. Kanadyen yo te antre nan kè ekip nou an twò fasil. Antrenè a dwe tou mande Grenadye yo pou yo pi disipline, pou yo sere lèran plis lè Rochambeau, Leclerc ak rès mesyedam Kò Gwoup sa yo ap bonbade nou ak koufran ostil. Dayè yon Grenadye pa konn nan griyen dan lè fòs ekspedisyonè anvayi espas vital li.

Anfèt Ayiti ak pèp Ayisyen an andidan kou nan dyaspora a te merite bèl timoman sa yo Grenadye yo ap fè nou viv la. Nou tèlman strese sèjousi, nou tèlman nan move lavi, tèlman move nouvèl ak tristès anvayi nou timoman lajwa ak fèt sa yo se tankou lapli ki vin wouze tè sèk nan sezon sechrès. Nou te bezwen sa anpil. Se pou sa n ap di byen fò ak tout kè nou : Mèsi Bondye ! Mèsi Grenadye yo !

Gen bon jan leson nou dwe aprann de viktwa nou nan match ak Canada a. Pa gen Ayiti san pitit li yo nan dyaspora a. Mwen di e repete sa chak jou. Ayiti pa pral oken kote nan anyen san dyaspora a. Nou pa pral oken kote nan anyen si nou pa entegre tout pitit tè Dayiti yo kèlkeswa koulè yo, kèlkeswa klas sosyal yo, kèlkeswa rejyon yo soti nan peyi a. Seleksyon nasyonal ki ap fè mèvèy nan Gold Cup 2019 la se yon ekip akansyèl konsa ki te goumen pou ban nou endepandans nan lane 1804. Pandan n ap fete, sote ponpe, nou pa dwe bliye leson istotik sa yo Grenadye yo ap ba nou nan moman an. Dayè nan lavi nou kòm pèp se yon gwo kafou istorik n ap travèse la. Se sa k Ayiti a wi : lè yo pa atann nou lage yon Dany Laferrière nan kòtòf Akademi fransè yo a. Lè yo pa atann nou fè lemonn sezi ak yon bann Grenadye ki rele Placide, Nazon, Guerrier, Saba ...elatriye. Lè yo pa atann nou lage yon mouvman kòt kòb Petwokaribe a nan wèl karanklou gran manjè yo.

Kanta pou mesye 25 stad yo, tankou Titid ta di l : ala bèl sa ta bèl si nou te gen 25 stad sa yo vre...Jou sa a a a...jou sa a a a....mhmm...Ala lajenès ta taye banda nan bay bon boul sou bèl teren ! Bon, pou mwen mesye 25 stad yo pa ni moun ni Ayisyen...Yo ta dwe fèmen bouch yo lè koze moun ap pale e lè Ayisyen ap pale de peyi yo Ayiti..

Grenadye alaso ! Meksik...sa ki mouri zafè a yo !


Daly Valet 30 jen 2019

18 vues0 commentaire
bottom of page